Ale nan kontni prensipal la

Materyèl Fòmasyon pou Detayan

Kòm yon detayan ki aksepte SNAP, ou responsab legalman pou aksyon ou ak aksyon tout moun ki ap travay nan makèt ou, kit ou peye yo kit ou pa peye yo. Lè ou te aplike pou aksepte avantaj SNAP, ou te dakò pou satisfè sèten Kritè fòmasyon.Isit la ou ka jwenn resous ki pral ede ou satisfè kritè sa yo.

Règleman

Ou ka jwenn règleman SNAP nan Tit 7; Soutit B; Chapit II; Sou-chapit C – Koupon pou Achte Manje avèk Pwogram Distribisyon Manje nan Kòd Règleman Federal la.

Gid Fòmasyon avèk Videyo

Yon gid fòmasyon ki gen 20 paj ki eksplike règ, règleman, ak pratik pwogram nanlitik yo. Gid la reponn tout kesyon moun konn poze souvan yo (FAQ) sou sijè tankou manje ki kalifye, taks sou lavant SNAP, koupon manifakti yo, avèk ekipman nan kwen devan ou. Nou ankouraje pou revize gid la avèk tout pwopriyetè ak anplwaye yo.

Gen kat videyo ki akonpaye gid la:

  • Videyo 1 - Otorizasyon : ki eksplike fason ou kapab aplike pou aksepte avantaj SNAP avèk sa ou kapab espere pandan pwosesis kalifikasyon an.
  • Videyo 2 - Gid Debaz : ki eksplike fason pou prepare Makèt ou pou kapab aksepte avantaj SNAP, li gen ladan legzijans fòmasyon pou tout moun ki travay nan makètou, epi li dekri kijan avantaj SNAP yo kapab itilize epi kijan yo pa kapab itilize.
  • Videyo 3 - Tranzaksyon avek Peman : ki eksplike kijan ou ka jwenn ekipman pou aksepte avantaj SNAP, avek kijan w ap resevwa peman pou yon acha SNAP.
  • Videyo 4 - Enfòmasyon pou Kesye yo : ki bay yon apèsi sou SNAP pou moun k ap travay nan makètou, dekri etap pou yon tranzaksyon reyisi epi eksplike sa w kapab fè avek sa w pa kapab fè yo.

Ou ka itilize gid fòmasyon an ak videyo pou ede edike tout moun ki ap travay nan makètou.

Postè avèk afich SNAP pou Revandè yo

Afich Fwòd ak Abi SNAP la fè konnen achte oswa vann avantaj SNAP oswa WIC se yon krim federal. Afich la bay enfòmasyon kontak pou rapòte abi nan pwogram FNS la epi li dwe afiche nan tout makèt otorize SNAP yo.

  • Postè Fwod SNAP la : Li pi bon lè li fèt avèk yon enpresyon pwofesyonèl nan tout bo yo ; dimansyon an a se 11 "X 17"

Rapèl enpòtan

Disponib nan anpil lang.

Lòt Resous Fòmasyon

Paj mizajou: Septanm 09, 2024