Ale nan kontni prensipal la
U.S. flag

An official website of the United States government

Rapèl Enpòtan - Pa Pwolonje Kredi pou kliyan SNAP yo

Resource type
Technical Assistance & Guidance
Technical Assistance
Training
Resource Materials
PDF Icon Enprime vèsyon an (243.41 KB)

Rapèl Enpòtan

Kisa yon Kont Kredi ye?

  • Si ou pèmèt kliyan yo achte manje ak bwason men ou peye ak benefis SNAP pita (pa egzanp, chak semèn oswa chak mwa), w ap pwolonje kredi (kenbe yon kont kredi). Sa a pa otorize.
  • An jeneral, kliyan ki peye ak benefis SNAP yo dwe peye nan moman yo resevwa manje yo.
  • Ou pa gen dwa ekri nimewo kat EBT kliyan ou an oswa kenbe kat EBT a nan non yon kliyan.
screenshot of a video clip that says to never accept snap benefits as payments on credit accounts

Kisa k ap pase si mwen pèmèt yo peye kont kredi yo avèk avantaj SNAP?

  • Yo ka diskalifye magazen ou a nan SNAP epi yo ka peye yon amann.
  • Lè ou vyole règleman SNAP yo, magazen ou a kapab tou diskalifye nan WIC.

Fòme Anplwaye ou yo

  • Antanke pwopriyetè magazen, ou responsab pou vyolasyon nan règleman SNAP yo, sa ki gen ladan sa anplwaye ou yo fè.
  • Se responsablite w pou asire ke anplwaye magazen w yo revize materyèl fòmasyon yo, kit yo peye, kit yo pa peye, nouvo, aplentan oswa a tan pasyèl.
  • Ou ka itilize materyèl fòmasyon sa yo pou aprann sou règleman SNAP yo.

Ou ka anpeche vyolasyon ak yon règleman sou konfòmite magazen ak pwogram fòmasyon.

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou fòmasyon ak Rapèl Enpòtan.

Si w gen kesyon, tanpri kontakte Sèvis Nitrisyon ak Manje, SNAP, nan RPMDHQ-Web@fns.usda.gov.

snap groceries

Avi pou detayan SNAP yo - 03/25/2024

Paj mizajou: April 09, 2024