Ale nan kontni prensipal la

Rapèl pou Revandè yo anrapò avèk SNAP - Kontrebann

Resource type
Training and Outreach
Resource Materials
PDF Icon Print Version (272.00 KB)

Pa fè Kontrebann avèk Avantaj SNAP

Règ pou revandèyo anrapò avèk SNAP

Kliyan SNAP yo dwe itilize avantaj EBT SNAP yo pou achte manje oswa bwason ki kalifye.

Kontrebann

Lalwa entèdi pou bay kliyan yo lajan kach pou avantaj EBT SNAP. Sa se kontrebann. Li ilegal.

Kontrebann Endirèk

Lalwa entèdi pou achte machandiz makèt nan men kliyan ki achte yo pou ou avèk avantaj SNBAP yo. Sa se kontrebann endirèk. Li ilegal.

  • Pa janm achte machandiz pou vann nan makèt ou nan men yon moun ki achte pou ou avèk avantaj SNAP EBT li.
  • Pa achte kès bwason enèjetik, soda oswa lòt machandiz nan men moun ki ofri pou vann yo ba ou pou yon pri bon mache. Sèlman achte machandiz pou makèt ou nan biznis founisè ki gen bon repitasyon.
  • Sere bòdwo ak resi machandiz ou yo.

Si ou fè kontrebann dirèk oswa endirèk, makèt ou ap diskalifye nan SNAP yon fason pèmanan. Ou ka gen pou peye yon gwo sanksyon. Lajistis kapab mete ou anba akizasyon kriminèl.

Responsablite Renandè yo anrapò avèk SNAP

Antan ke yon Revande ki otorize nan SNAP:

Si ou gen kesyon, tanpri kontakte Sèvis Manje avèkNitrisyon, SNAP, nan adrès imèl RPMDHQ-Web@fns.usda.gov
USDA se yon founisè, patwon avèkkreyansye ki ofri opòtinite egalego pou tout moun.

SNAP Retailer Notice - 06/30/2021

Paj mizajou: Septanm 09, 2024