Ale nan kontni prensipal la

Kijan pou mwen aplike pou aksepte avantaj yo?

Si ou se yon Makèt Manje ki vann an Detay oswa yon Makèt Kiltivatè , ou kapab aplike pou aksepte avantaj SNAP nan lokal makèt manje ou oswa makèt kiltivatè ou depi ou suiv etap ki anba yo.

Pa ranpli yon aplikasyon si:

  • Ou pa yon makèt manje ki vann an detay oswa yon makèt kiltivatè .Olye sa, rele Sant Sèvis Revandè SNAP la nan 1-877-823-4369.
  • Si ou se yon detayan ki vle aksepte SNAP-EBT sou sitweeb ou oswa aplikasyon mobil ou, tanpri pa ranpli aplikasyon sa a. Olye sa, suiv egzijans ki endike nan paj kondisyon pou detayan yo.

1. Kreye yon kont Login.gov

Anvan ou kòmanse ranpli aplikasyon ou, ou dwe kreye yon kont sou sitwèb Login.gov.

Ou pral bezwen bay enfòmasyon sa yo:

  • Adrès imèl ou
  • Modpas sekirize
  • Yon lòt metòd otantifikasyon pou kenbe kont ou an sekirite (pa egzanp, yon nimewo telefòn mobil pou resevwa tèks pou verifikasyon).

2. Ranpli Aplikasyon SNAP Detayan

  • Depi ou kòmanse aplikasyon ou, ou gen 30 jou pou ranpli li. Si aplikasyon ou pa konplè nan 30 jou, l ap efase.
  • Ou pral bezwen prezante dokiman sipò nou mande ou. w ap jwenn enstriksyon pou prezante dokiman ou yo nan fen aplikasyon an. Sonje pou ou gen non (yo), adrès lakay ou (yo), ak Nimewo Sosyal sekirite (yo) pou chak pwopriyetè makèt , avèk done sou lavant makèt ou (yo).
  • Si ou posede 10 makèt oswa plis, konsidere si ou se yon Pwopriyetè Multi-Store (MSO).

3. Tann yon Desizyon FNS

  • FNS ap travay sou aplikasyon ou epi n ap kontakte ou si nou bezwen plis enfòmasyon.
  • Apre ou ranpli aplikasyon an, ou ka tcheke sitiyasyon li nan tan reyèl.
  • Si ou gen lòt kesyon, tanpri rele Sant Sèvis Revandè SNAP nan nimewo1-877-823-4369.

Lòt Resous

Paj mizajou: Septanm 03, 2024