Ale nan kontni prensipal la

FNS apresye patenarya li avèk plis pase 250,000 makèt nan Etazini ki otorize pou aksepte avantaj SNAP yo. Detayan yo ki aksepte SNAP jwe yon wòl ki enpòtan anpil nan asire moun ak fanmi yo ki kalifye pou SNAP kapab jwenn manje ki gen bon gou.

Detayan yo ki aksepte SNAP kòmanse depi makèt kiltivatè yo pourive nan gwo chèn makèt. Divèsite sa a asire patisipan SNAP yo gen kalite chwa pou achte manje nan makèt, ki satisfè diferan preferans ak bezwen. Sèvi ak kat konvèsasyonèl sa a pou jwenn adrees lòt detayan yo ki nan zòn ou.

Kòmanse

Ou fenk aksepte SNAP?

animated grocery store front with shopping icons

Asistans nan aplikasyon

Ou bezwen èd avèk pwosesis aplikasyon an? Kontakte Sant Sèvis Makèt anrapò avèk SNAP nan nimewo 1-877-823-4369.

Pwosesis Re-Otorizasyon an

Si magazen ou a deja apwouve pou aksepte SNAP epi ou te resevwa yon lèt nan men FNS ki di ou ke magazen ou a dwe komanse pwosesis re-otorizasyon, ou ka ranpli yon aplikasyon sou Entènèt.

Akseptasyon SNAP

  • Tout makèt SNAP otorize yo dwe itilize ekipman avèk sèvis tranzaksyon Avantaj Tranzaksyon Elektwonik (EBT). Sa pèmèt yon achtè SNAP peye pou manje ki elijib.
  • Acha pilòt sou entènèt SNAP pèmèt makèt yo aksepte avantaj SNAP nan tranzaksyon sou entènèt. Makèt ki satisfè kritè kalifikasyon SNAP men ki gen kesyon oswa ki bezwen asistans pou pran peman SNAP sou Entènèt kapab jwenn asistans avèk SEMTAC.

Prevansyon Fwòd ak Abi

  • Kòm yon makèt ki aksepte SNAP, ou responsab aksyon ou yo avèk aksyon tout moun api ap travay nan makèt ou, kit ou peye yo kit ou pa peye yo. Revize materyèl fòmasyon yo ak resous enpòtan yo.
  • Lè makèt yo respekte règ pwogram nan , yo ede asire kliyan yo itilize avantaj yo pou satisfè bezwen manje fanmi SNAP yo. Ou kapab jwenn enfòmasyon sou sanksyon pwogram nan pou lè ou pa swiv règ yo.

Kontakte nou

Ou gen kèk kesyon? Kontakte Sant Sèvis Makèt SNAP nan nimewo 1-877-823-4369.

Paj mizajou: Out 30, 2024