Ale nan kontni prensipal la

Kondisyon pou Kalifikasyon Makèt yo

animated grocery store front with shopping icons

RevandèSNAP yo jwe yon wòl ki enpòtan ampilnan asire fanmi ki kalifye yo kapab jwenn chwa pou achte manje ki gen bon gou. Pou vin yon revandè SNAP, yon makèt dwe satisfè youn nan kondisyon sa yo:

  • Kritè A - envantè danre alimantè debaz; oswa
  • Kritè B - lavant danre alimantè debaz

Kisa danre alimantè debaz yo ye?

Danre alimantè debaz yo se manje debaz ki fòme yon gwo pati nan rejim alimantè yon moun. Anjeneral moun kwit manje sa yo nan kay pou yo manje kòm yon repa. Men kat kategori danre alimantè debaz yo:

animated lettuce, canned veg, and apple on a navy circle background

Legim oswa fwis

animated canned meat and sliced ham on  a navy circle background

Vyann, vyann bèt volay, oswa pwason

animated bread, grain, and cereal box on navy circle background

Pen oswa sereyal

Danre alimantè debaz yo PA gen ladan yo manje ki prepare oswa chofe oswa manje konplemantè.

Kritè A: Envantè Danre Alimantè Debaz

Pou satisfè kondisyon sa a, yon makèt dwe genyen yon minimòm 36 pwodui alimantè debaz ki satisfè kondisyon sa yo:

  • Twa varyete nan chak nan kat kategori danre alimantè debaz yo.
  • Twa inite estokaj pou chak nan twa varyete yo.
  • Yon varyete ki kapab gate nan de kategori danre alimantè debaz

Nòt: etajè makèt la dwe gen pwodui sa yo pou vann sou yon baz pèmanan.

Tèm Kle pou Danre Alimantè Debaz

Varyete - Yon manje diferan oswa kalite pwodui diferan ki gen yon danre alimantè debaz kòm engredyan prensipal li

  • Engredyan Prensipal – Anjeneral, se premye engredyan yon pwodui alimantè. Si premye engredyan an se dlo, bouyon, oswa estòk, lè sa se dezyèm engredyan an.
  • Kalite pwodui diferan - Konte kòm yon varyete apa menmsi yon pwodui gen menm engredyan prensipal la.
    • Egzanp:
      • Kalite diferan - Lèt avè ba fwomaj mozzarella ki genyen lèt bèf kòm engredyan prensipal i men yo konte kòm de varyete apa paske yo se de kalite pwodui diferan (lèt likid parapò avèk fwomaj).
      • Menm kalite - lèt ki genyen chokola landan l’ ak lèt regilye konte kòm yon sèl varyete paske yo toulède gen lèt bèf likid.

Inite estokaj – anbalaj ki endike nan sa pwodui a vann, tankou yon kanèt, yon bwat oswa yon sachè.

Manje ki kapab gate - pwodui fre, konjle oswa atik ki nan frijidè ki ka gate oswa degrade anpil nan kalite nan twa semèn si yo estoke nan tanperati nòmal.

Envantè Danre Alimantè Debaz ki Obligatwa

Kritè B: Lavant Danre Alimantè Debaz

Pou satisfè kondisyon sa yon estòk danre alimantè debaz dwe egal oswa pi plis pase mwatye (pi gran pase 50%) lavant total brit an detay yon makèt.

Makèt espesyalize yo, tankou bouchri oswa estann fwi ak legim yo, ki pa vann ase manje ki nan tout kat kategori danre alimantè debaz yo kalifye pou van anba Kritè B.

retailer icon on top of a two column table listing staple foods (cereals, fruit, vegetables, meat, dairy) and non-staple foods (hot foods, prepared foods, non-food items, accessory foods, alcohol) and a footer "staple food sales must be greater than 50% of total gross sales."

Kalkil Komèsyal Manje Staple

staple food sales = total gross retail sales minus non-food sales minus prepared or hot food sales minus accessory food sales (all text in blue boxes)

Lòt Konsiderasyon pou Kalifikasyon Revandè yo

Bezwen pou Aksè: Nou toujou konsidere makèt ki pa satisfè Kritè A oswa Kritè B pou otorizasyon si yo nan yon zòn kote kliyan SNAP yo gen gwo difikilte jwenn manje.

Restoran yo: Anjeneral, patisipan SNAP yo pa kapab itilize avantaj yo nan restoran. Nou konsidere yon biznis kòm yon restoran si plis pase 50% lavant brit an detay li soti nan lavant manje prepare ki cho oswa frèt epi ki la pou konsomasyon imedyat. Se sèlman restoran nan yon eta ki opere Pwogram Repa nan Restoran (Restaurant Meals Program, RMP) ki kapab patisipe nan SNAP.

Kolokasyon: Lè anpil biznis ap opere nanyon menm kotea satisfè sèten kondisyon, FNS ap konsidere yo kòm yon sèl biznis lè y ap detèmine si yo kapab kalifye pou jwenn otorizasyon SNAP.

Resous Kalifikasyon pou Detayan yo

Paj mizajou: Septanm 12, 2024