Ale nan kontni prensipal la

Y ap Vini ak Kat ki gen Tchip pou SNAP EBT

Resource type
Technical Assistance & Guidance
Factsheets
Resource Materials
PDF Icon Vèsyon enprime (212.95 KB)

Avi Annijans pou Komèsan nan Kalifòni ak Oklahoma ki Aksepte SNAP EBT

Pare pou Kat SNAP EBT ki Gen Tchip

Pandan Ete 2024 la, Kalifòni ak Oklahoma pral kòmanse bay nouvo kat SNAP EBT ki gen Tchip ak teknoloji Tap.

Konsènan Peman ak Kat SNAP EBT ki gen Tchip

  • Komèsan ki aksepte SNAP yo dwe ekipe pou aksepte peman SNAP EBT ak kat ki gen tchip.
  • Menmsi yo ankouraje anpil, komèsan ki aksepte SNAP yo pa oblije aksepte peman Tap EBT nan moman sa a.
  • Tranzaksyon ak Tchip ak Tap toujou mande pou moun ki gen kat la pou antre PIN nan lè ya peye nan kès la.
CA SNAP EBT card with chip
OK SNAP EBT card with chip

Kat SNAP EBT ki gen Tchip o Ede Anpeche Fwod nan SNAP

  • Fwod EBT, tankou sèvi ak card skim min g pou vòlè avantaj yo ap ogmante.
  • Entwodwi kat EBT SNAP ki gen Tchip se yon etap enpòtan pou asire avantaj SNAP yo pwoteje.
  • Kat EBT SNAP ki gen Tchip yo pi difisil pou kopye epi sa fè li pi difisil pou vòlè enfòmasyon sou kont SNAP.
  • Kat EBT SNAP ki gen tchip yo se yon opsyon peman ki pi an sekirite ki gen objektif pou pwoteje komèsan ki aksepte SNAP ak patisipan SNAP kont enpak devastatè avantaj SNAP yo vòlè yo.

Kenbe Kliyan SNAP ou yo pou yo Kontinye Tounen

  • Aksepte kat EBT SNAP ki gen Tchip ka pwoteje avantaj SNAP yo pandan w ap pwoteje baz kliyan SNAP ou.
  • Patisipan SNAP vle konnen avantaj SNAP yo an sekirite lè yo fè makèt nan magazen ou.
  • Patisipan SNAP yo gendwa pa vle sèvi ak kat SNAP EBT yo nan magazen ki pa gen opsyon pou peman ak tchip.

Etap ou ta Dwe Pran Imedyatman

  1. Kontakte Founisè Sèvis Point-of-Sale (POS) ou a JODI A pou asire sistèm POS ou a pral pèmèt kat EBT SNAP yo ki gen Tchip pou "sipòte" tranzaksyon band mayetik jiskaske yo sipòte kat chip SNAP EBT (sa vle di kapasite ECL yo aktive sizoka AID- A0000000044542 a pa sipòte). W ap jwenn plis detay pou founisè POS ou a swiv isit la: https://www.fns.usda.gov/snap/ebt/modernization
  2. Mande pou mete sistèm POS ou a ajou pou sipòte kat EBT SNAP ki gen tchip.
  3. Di Founisè POS ou a kat EBT SNAP ki gen tchip yo pral itilize:
    • Tchip EMV Estanda yo
    • Toulede kontak-sèlman ak doub-koòdone
    • Nouvo Idantifikasyon Aplikasyon EBT (AID): A0000000044542
    • Kòd sèvis 220 sou Track II nan pis mayetik la
    • Ap genyen plis detay pou founisè sèvis POS ou a k ap vini byento

Pou Jwenn Èd Si founisè sèvis POS ou a bezwen plis enfòmasyon sou sipò kat EBT SNAP ki gen tchip, di yo pou yo kontakte Pwosesè Twazyèm Pati yo (TPP).

Paj mizajou: Me 23, 2024